14 Point Platform in Haitian Creole: Sa Nou Vle – Sa Nou Kwè Platfòm Pati Sosyalis Pèp Afriken an

Sa Nou Vle – Sa Nou Kwè
Platfòm Pati Sosyalis Pèp Afriken an

Adopte 23 Septanm 1979.
Revise e modifye nan Premye Kongrè Pati Sosyalis Pèp Afriken an, 6 Septanm 1981.

1. Nou vle lapè, diyite, e dwa pou bati yon vi de pwospè apati de travay nou e nan enterè pa nou.

Nou kwè ke gouvènman Etazini Amerik-Nò an te fonde sou jenosid de pèp Endijèn an, vòl teritwa yo, e dispèsyon fòse, lesklavaj, e kolonizasyon de milyon de moun Afriken. Nou kwè ke kondisyon lavi pèp Afriken ki anndan fontyè aktyèl Etazini se kolonyalis, yon kondisyon egzistans kote yon pèp antye oprime pa yon pouvwa etranj pou rezon de eksplwatasyon ekonomik e advantaj polik. Anplis nou kwè ke dominasyon kolonyal sa a se baz primè de pwoblèm pèp Afriken Ozetazini e ke nou pa p konnen ni lapè, pwosperite, ni diyite imèn jiskaske dominasyon kolonyal sa a ranvèse e pouvwa sou lavi nou rete nan men nou.

2. Nou vle dwa pou devlopman ekonomik ak anplwaman kreyatif e prodiktif k ap pwomote bezwen e byennèt pèp antye nou an.

Nou kwè ke kolonyalis se yon sistèm souse-san ki lakòz tout devlopman ekonomik benefisye klas dominan an e leta ak sistèm kolonyalis lan sou depans pèp kolonize nou an. Anplis nou kwè ke masif chomaj e souzanplwa pèp nou an benefisye klas dominan kolonyal lan e sistèm kapitalis Etazini, e ke yon lit de pèp Afriken an pou travay dwe fèt an konbinezon ak yon lit pou sosyalis e yon devlopman ekonomik ki endepandan.

3. Nou vle yon fen a tout taksasyon lokal, federal e tout lòt taksasyon de moun nwa pa leta Etazini e tout ajans li yo.

Nou kwè ke taksasyon sa yo ilejitim, ke moun nwa pa genyen okenn otorite reyèl oswa siyifikatif anndan gouvenman Etazini, e ke taksasyon pèp Afriken an se taksasyon san reprezantasyon. Nou kwè ke an absans de otorite reyèl oswa siyifikatif sa nou pa genyen anyen pou n di sou jan lajan sa yo sèvi, e ke taks yo pran nan men moun nwa souvan sèvi kont nou e lòt pèp ki oprime e eksplwate anndan Etazini e atravè mond lan.

Nou kwè ke itilizasyon taks ki soti nan popilasyon Afriken an pou bati plis prizon pou boure nou e pou anboche plis polis pou touye nou se zak kriminèl, menm jan ak itlizasyon taks pou anboche solda pou entimide e piye pèp ki oprime pa menm sistèm sa entènasyonalman. Nou kwè tou Afriken dwe refize peye taks a yon gouvenman ki sevi taks sa yo pou enstale e sipòte ditakti brital atravè mond lan ki kenbe pwòp pèp yo oprime e an salte pou kenbe dominasyon ekonomik e politik Etazini ak enperyalis Lwès yo.

4. Nou vle dwa ekspresyon e asosyason politik, yon garanti dwa pou travay pou amelyorasyon e emansipasyon moun nwa san lapèrèz de enprizonman politik e pèt lavi, manm, e mwayen de viv.

Nou kwè ke liberasyon pèp Afriken atravè mond lan ap vini sitou pa konsekans efò nou. Nou kwe se devwa nou anvè manman ak papa nou, pitit nou e pwòp tèt nou, pou n òganize tèt nou pou n simonte opresyon nou. Nou kwè ke dwa pou n òganize e pale kont opresyon nou se dwa imèn e ke gouvenman Etazini dwe sispann tantatif pou yo kraze dwa sa yo e yo dwe sispann atak kriminèl sou patriyòt Afriken ki travay pou amelorasyon e emansipasyon de pèp nou an.

5. Nou vle dwa asosyasyon entenasyonal politik e ekonomik avèk Afriken e tout lòt pèp nenpòt kote sou Latè.

Nou kwè ke tout moun nwa se moun Afriken e fè pati de yon sèl antite nasyonal. Nou kwè ke libète otantik de pèp Afriken an ki toupatou lye irevokableman a kreyason de yon Lafrik endepandan, ini e sosyalis. Nou kwè lit pèp Afriken Ozetazini reprezante mouvman mondyal de pèp Afriken an, anndan fontyè Etazini, pou liberasyon Afriken, endepandans politik e demokrasi sosyalis. Nou kwè ke lit mondyal pou liberasyon Afriken an an inite avèk lit k ap mennen pa majorite de pèp mond lan pou mete yon fen a opresyon de nasyon pa nasyon e pou kreye yon nouvo mond, kote mas ouvriyè a ap mete yon fen a sistèm de ouvriyè ak bòs e esklav ak mèt e ap posede e benefisye de mwayen e pwodwi travay nou e ap genyen otorite politik sou pwòp vi nou. Nou kwè ke zanmi natirèl e objektif de lit nou pou liberasyon Afriken, endepandans, e demokrasi sosyalis se tout mas ouvriyè nan mond lan—pèp Mwayen Oryan an, peyizan ak ouvriyè Azyatik e Amerik Latin yo, fòs demokratik ki toupatou nan Ewòp Lès ak Lwès e Etazini, e eta ki vrèman soyalis nan mond lan, e ke poutèt sa nou dwe genyen dwa absoli e lib asosyasyon entenasyonal politik e ekonomik.

6. Nou vle liberasyon imedyat e san kondisyon de tout moun nwa ki fèmen kounye a anndan prizon Etazini yo.

Nou kwè ke tout gason ak fanm Afriken ki fèmen nan kan konsetrasyon, souvan rele “prizon,” la akòz de desizyon, lwa e sikonstans ki te kreye pa etranje pou pwòp benefis yo kòm yon mwayen de kontwòl jenosid-kolonyalis. Nou kwè ke desizyon, lwa ak sikonstans sa yo te kreye e yo ranfòse san konsantman nou e poutèt sa yo ilejitim. Nou kwè ke gason ak fanm Afriken ki fèmen nan kan konsetrasyon sa yo se viktim de sistèm lajistis klas dirijan kolonyal Etazini ki kenbe esklavaj nou e terorize pèp nou, e poutèt sa yo dwe lage yo imedyatman a reprezantatif jis de lit nou pou liberasyon, endepandans, e demokrasi sosyalis.

7. Nou vle amnisti konplè pou tout prizonyè politik Afriken e prizonyè de lagè de prizon Ozetazini oubyen liberasyon imedyat yo a nenpòt peyi zanmitay k ap aksepte yo e bay yo azil politik.

Nou kwè ke prizon Ozetazini sèvi tou kòm zouti ilejitim pou tòti, touye, e kenbe kaptif pitit fi ak pitit gason Lafrik ki vayan, e ki atravè zèv patriyotik yo, kelkeswa se diskou yo oswa pawòl ekri yo ki sipòte kòz liberasyon nou, vin tounnen prizonyè politik e prizonyè de lagè. Nou kwè, ansanm ak majorite de pèp nan mond lan, ke se devwa nou menm ki kolonize e ki an esklavaj pou n reziste esklavaj e kolonyalis, e pou n goumen pou sosyalis, e moun ki fè sa se patriyòt e eroin e ewo e yo ta dwe leve nan yon estim byen wo.

8. Nou vle retrè imedyat de lapolis Ozetazini nan kominite oprime e eksplwate nou yo.

Nou kwè ke ajans varye polis Ozetazini ki okipe kominite nou yo se zam leta kolonyalis Etazini ki responsab pou kenbe pèp nou an eskavaj e terorize. Nou kwè ke ajans polis Etazini yo pa sèvi nou, men pito yo reprezante premye liy defans Etazini kont lit jis pèp nou an pou lapè, diyite, e demokrasi sosyalis. Se poutèt sa, nou kwè lapolis Etazini se yon lame ilejitim, yon lame kolonyal nan kominite Afriken an e yo dwe fè retrè imedyatman de kominite nou an, pou n ranplase yo avèk fòs liberasyon nou yo, ke lit yo an defans kominite nou an kont opresyon nou va demontre lwayalte yo anvè kominite nou an e volonte yo pou sèvi nan enterè li.

9. Nou vle yon fen a opresyon politik e sosyal ak eksplwatasyon ekonomik de fanm Afriken.

Nou kwè nan egalite absoli, inekivok, politik, sosyal e ekonomik fanm ak gason Afriken. Nou kwè ke yon tès fondamantal karaktè pwogresif oubyen revolisyonè, de nenpòt òganizasyon, pati, mouvman, oubyen sosyete se angajman li, konfime nan pratik, pou destriksyon opresyon espesyal de fanm e elevasyon fanm a plas jis lan kòm patnè egal e lidè nan mouvman devlopman sosyete imèn nan e kòm lidè e kreyatè de listwa imèn.

10. Nou vle dwa pou bati yon Lame Liberasyon Pèp Afriken an.

Nou kwè ke vrè libète, malgre yo souvan wete, se pa bay yo bay yon pèp li. Nou kwè ke pèp Afriken an se sèl sovè nou e nou genyen yon dwa e obligasyon pou n bati yon Lame Liberasyon Pèp Afriken an pou defan pwogrè politik nou yo, konbatan libète n e kominite nou yo, e pou n genyen libète aktyèl nou nan men met-esklav opresif kolonyal nou yo. Nou kwè ke ni libète siyifikatif, ni pwogrè politik ak garanti sosyal, ni vrè liberasyon pa posib san yon asirans egzistans yon Lame Liberasyon Pèp Afriken an. Nou kwè, an plis, ke sèl lagè lejitim se lagè liberasyon nasyonal, e lagè ki opoze agresyon enperyalis, e poutèt sa, sèl fòs militè ki lejitim pou moun nwa sèvi avèk se fòs militè ki defann libète e rejete agresyon enperyalis. Fòs sa se Lame Liberasyon Pèp Afriken an li ye.

11. Nou vle pou Etazini e klas dominan ak leta Ewopeyen yo peye Lafrik e pèp Afriken an pou syèk jenosid, opresyon, e esklavaj pèp nou an.

Nou kwè ke sivilasyon Etazini e Ewòpeyen yo te fèt apati de, e toujou soutni pa, vòl de resous imèn e natirel Afrik e pèp li. Nou kwè tou ke vòl de resous imèn e natirel sa yo responsab pou depopilasyon aktyèl e soudevlopman Afrik e pèp li, ak esklavaj politik, povrete materyèl, e diskontinuite kiltirèl ak dezentregasyon pèp Afriken atravè mond lan. Nou kwè ke Lafrik ak pèp Afriken an dwe jwenn reparasyon, konpesasyon ekonomik jis, milya dola ki dwe peye a Òganizasyon Inite Afriken an oubyen nenpòt lòt òganizasyon entenasyonal Afriken ki lejitim, pou distribasyon ekitab pou devlopman Lafrik. Nou kwè tou ke reparasyon yo dwe distribye a leta endepandan Afriken ki dispèse toupatou mond lan ki poko libere.

12. Nou vle yon fen a entèferans visye politik, ekonomik e militè Etazini e Ewopeyen Lwès lan nan zafè Lafrik e pèp Afriken toupatou nan mond lan.

Nou kwè ke pèp Afriken nan Lafrik e lòt kote genyen yon dwa e yon responsabilite pou n rezoud pwoblèm nou yo, san entèferans Etazini e enperyalis Lwès yo. Nou kwè ke entèferans Etazini ak enperyalis Lwès yo nan zafè pèp nou an te fèt pou kenbe kontinyason vòl resous imèn ak materyèl nou, ak opresyon e povrete nou.

Nou kwè ke pèp Afriken an dwe lib pou n òganize e lite pou yon fen a kolonyalis e neo-kolonyalis san entèferyans Etazini ak enperyalis Lwès yo ki sipòte neo-kolonyalis ak kolonyalis an Afrik, Ozetazini, e lòt kote e ki depoze lidè Afriken ki pwogresif e revolisyonè, e ranplase yo avèk maryonèt neo-kolonyalis yo.

13. Nou vle yon fen a dominasyon kolonyal pèp Afriken Ozetazini.

Nou kwè ke lit primyè pèp Afriken Ozetazini pandan peryòd sa se pou voye jete dominasyon etranj Etazini ki responsab pou pratikman tout difilike enpoze sou moun nwa pa gouvenmnan sa ke moun ka idantifye kòm yon “pwoblèm nwa.”

Nou kwè ke pwoblèm nou ak edikasyon – soti nan inabilite nou pou n kontwole pwòp lekòl nou e determine edikasyon pwòp pitit nou, rive sou kalite edikasyon ki rasis e enferyè ke nou jwenn – rive akòz kolonyalis.

Nou kwè ke pwoblèm nou ak sistèm sante a – soti nan absans klinik sante e enstitisyon ki kontwole e opere pa moun nwa toupatou nan kominite nou yo, rive sou kondisyon sante danjre ki enpoze sou nou pa povrete e desizyon neglijan gouvenman an – rive akòz kolonyalis.

Nou kwè ke pwoblèm nou ak lojman – soti nan indisponibilite lojman desan e adekwa pou majorite pèp nou an, rive sou kay tou-kraze e enfeste ak vèmin yo fòse nou viv ladan yo an – rive akòz kolonyalis.

Nou kwè ke tout pwoblèm nou ak manje e rad – soti sou kalite e kantite terib ki enpoze sou nou pa machann souse-san yo, rive sou inabilite nou pou n prodwi e distribye yo pou a pami pwòp tèt nou – rive akòz kolonyalis, kote tout pèp nou an domine e oprime pa yon pouvwa leta etranj pou objejtif eksplwatasyon ekonomik e advantaj politik.

14. Nou vle liberasyon ak inifikasyon total Lafrik anba yon gouvenman sosyalis Tout-Afriken.

Nou kwè ke “liberasyon ak inifikasyon Lafrik anba yon gouvenman soyalis Tout-Afriken dwe objektif primè tout revolisyonè Nwa toupatou nan mond lan. Sa se yon objektif, lè l reyalize, k ap pote akonplisman aspirasyon Afriken ak desandan Afriken toupatou. An menm tan, l ap avanse viktwa revolisyon sosyalis entenasyonal lan, e pwogrè anvè kominis, ke chak sosyete ap swiv lòd prensip – soti de chak selon abilite li, a chak selon bezwen li.” – Kwame Nkrumah

Endepandans Nan Lavi Nou!

Author

spot_img
- Advertisement -spot_img

Support African Working Class Media!

More articles from this author

The Biden Administration desperately seeks confidence of African people of Haiti—we seek African self-determination!

HAITI—On Friday, June 2, 2023, the United States state department published a press release written by secretary of state Antony J. Blinken announcing the...

Haiti: “natural disasters,” NGOs and neocolonialism

Editor's Note: The following is taken from Elikya Ngoma's presentation at the September 15, 2021 webinar, titled "Haiti: "natural disasters," NGOs and neocolonialism" hosted by the African People's Socialist Party.

Haitians at the Texas border: U.S. out of Haiti! Down with Colonialism!

The following is taken from Elikya Ngoma’s presentation at the October 6, 2021 webinar, titled “Haitians at the border: U.S. out of Haiti! Down...

Similar articles

St. Louis denies Black-owned restaurant in food desert

For nearly one year, the city of St. Louis has blocked the opening of a new bakery cafe in the Black neighborhood of College...

Not one day in prison! No fine in Uhuru 3 sentencing victory!

“No one’s going to prison; no one’s going to be fined,” stated U.S. District Court Judge William Jung on Monday, December 16, 2024 in...

It’s not over! Fight back against the Uhuru 3 “conspiracy” verdict! Defeat the U.S. government’s use of “thought crimes” as an attack on the...

At the sentencing hearing, now set for December 16, 2024 in Tampa, Florida, the U.S. government intends to lock up Chairman Omali Yeshitela, Penny...
spot_img